Chapitre 1

192 15 3
                                    


... : Paola...Paola...📣

Paola pantan nan dòmi, li leve tou swe e tou bouke. Li lonje menl poul limen telefòn li e li voye jel nan ekran an, li wè ke li apèn minwi. Sa fè de zan depil ap plede fè rèv sa, depi lap plede reviv lanmò manmanl e depi lap plede sonje sekrè ke li te bal kenbe avanl trepase.

   Manmanl deja gen de zan depil mouri, e chak jou li reve lap mache ak li. Jodia li leve ak yon lòt bagay nan tèt li. Fòk li fè tout sal kapab poul ka soulaje tèt li e soulaje nanm manmanl ki poko ka repoze an pè.

    Paola gen 25 lane, li se enfòmatisyèn, Makiyez, koutiryè e dansez. Manmanl te redi travay poul te fèl aprann sal renmen yo. E lè ke li vinn ap travay, li lwe yon bèl ti kay ansanm ak yon bon zanmil ki rele Bethina, li relel ''Beth''.
Pou mizè kel te wè manmanl ap pase pou li, li te tou pa janm gen lide gen mennaj paskel pè viv mal.

   Paola ranje kabann li e li rale yon chèz li chita, li ouvri laptòp li e li monte sou facebook poul gade pwofil kèk moun. Li make sis non nan jounal sekrè li. Kle jounal li an toujou nan yon ti chèn ki nan koul ke manmanl te ba li. Li pase tout sware an ap reflechi.

  Lèl finn jou, li leve lal fè travay epil chita bò tab la lap tann Bethina soti nan chanm nan pou yo pale. Nòmalman, jou samdi maten konsa yo...se spò yo konn al fè.
Pòt chanm Bethina a resi louvri, sa retirel nan pansel.

Bethina: bonjour sista!

Paola: bonjour kòkòt!

Bethina: kòmanw ye?

Paola: oufff...le même rêve Beth...comme chaque soir depuis deux ans.

Bethina rale chèz lan li chita

Bethina: lèm gad vizaj ou mwen wèw sanble yon moun ki gen yon ide an tèt. Crache le morceau!

Paola: pou sa nou te pale an...mvle pase a laksyon.

Bethina: quoi?? Mais...kòman ou pwal fè? Map raplew ke se pa tout ki fasil pou atenn. Epitou ou byen konnen ke wout sa ou anvi pran an danjere.

Paola: map eseye Beth...on ne sait jamais!

Bethina: a fòs wap jwe ak dife ou ka boule dwèt ou. Paola, mpata renmen malè rivew!

Paola: map pran tout risk ki genyen poum fèl. Stp Beth, edem jwenn enfòmasyon yo poum ka kòmanse. Mwen gentan mize twòp sou sa em vle soulaje.

Bethina: ou panse ke sa ap ka soulajew? Epitou ki plan ou genyen?

Paola: map eseye! Lèm jwenn enfo yo ma diw.

Bethina: ebyen ok.

Paola ap swiv Bethina ki leve ki al fè yon appel e aprè ki tounen vinn jwenn li.

Bethina: on y va!

Paola: où?

Bethina: Mpwal fèw rankontre moun kap ka baw bagay yo sou de ti chèz lan.

Paola : fi ou gason?

Bethina: fi...

Paola: oh...fi pale twòp sista. Ou konnenl byen?

Bethina: pa enkyetew. Mwen abitye avèl, depiw ap jerel lap baw tout saw bezwen e li konn kòman poul kenbe lang li. Mpa kwè lap mandew anpil kòb. Tout janw virel ou tounenl wap jwenn menm rezilta yo nan menl.

Paola: ebyen ok...

Medam yo al prepare yo epi yo soti. Bethina pran Taxi ak Paola, yo monte Turgeau. Demwazèl lan tap tann yo devan yon resto.

Moly: anfen...mpanse nou patap janm rive wi!

Bethina: depi se pou lajan ou toujou prese!

Moly: lollll! Ou konn bagay yo!

PaolaOù les histoires vivent. Découvrez maintenant