Chapitre 15

22 5 0
                                    

      Aprè ke David finn wè Paola, li rele Margalie nan telefòn poul fèl konnen ke li sot wèl.

Margalie: allo!

David: devine kiyès yo vinn prezantem la kòm fiti bèlfiy!

Margalie: euh...mpap ka deviner paskem pa konn kiyès ti mesyew yo ap frekante. Se ou ki pwal dim, ou fè kèm cho.

David: Paola Herlita Joseph!

Margalie: kisa? Lakay ou li vini menm?

David: oh wi. E li sanble rekonèt mwen paske li tap kache vizaj li poum pa wèl e lèm resi wèl lan li move sou mwen.

Margalie: wawww! Mpaka konprann. Si li pa vle rankontrew kisal vinn fè lakay ou?

David: aparaman li pat konn si se la li tap vini.

Margalie: sans blague? Mwen menm, David...pa rapò ak fason li te pale avèm nan. Siw pa degajew pouw rankontrel bagay yo ka pase mal paske li genlè gen yon esprit de vanjans.

David: mta byen renmen konn sa kap pase nan tèt li. Men mwen pa anvi ti mesye yo mele a tou sa.

Margalie: e si yon jou ou ta rann ou kont ke se antre li bezwen antre lakay ou poul ka boulvèse fwayew?

David: mpa kwè. Sa pap rive fèt. Tande...Margalie, mpa fè mal. Diran tout vim mka te desevwa kèk moun men mwen sèten ke mwen fè plis byen ke mal. Mwen ede moun mwen pa rekonèt, mfè sam pat dwe fè poum ka ede lòt moun avanse. Mpa kwè ke yon moun ka annit parèt osi fasilman poul fèm mal. Gen yon Bondye kanmèm!

Margalie: humm! Ebyen ok...istwa sa, kòm li acheve! Mpozem poum pa mouye twòp!

David: ebyen ok. Mlesew wi! Na pale!

Margalie: dacc!

    ✨Jefferson fè Paola vizite kay la e plus précisément, chanm li an. Apresa yo al chita nan salon an, Gladiah vinn parèt.

Gladiah: bonsoir!

Paola gade Gladiah byen, li devizajel san kite moun wè epil souri. Gladiah annit wèl, li santil etranj.

Paola: bonsoir mme!

Jefferson: Paola...se manmanm! Gladiah!

Gladiah: se ki?

Jefferson: mennaj mwen!

Gladiah: aaah charmante jeune fille! Mkontan rekonèt ou.

Paola: oh mwen menm tou! Mpatka tann poum te rekonèt nou!

Gladiah: ak kiyès wap viv? Kisaw fè?

Paola: map viv ak yon zanmim. Paranm mouri. Map travay!

Gladiah: ok...mta byen renmen rete men mwen pwal soti. Yon pwochèn fwa na pale.

Paola: wi!

Gladiah soti. Shanaïcka soti nan chanm li, li pase vinn pran kle machinn li nan salon an.
Edwins parèt

Edwins: kotew pwal la?

Paola anvi fè yon sèl ak kanape a pou yo pa wèl. Li pat dwe antre anndan an, se riske. Sitou ke li te finn pran kòb la nan men Edwins e li pa janm relel.

Shan: map soti. Poukisa?

Edwins: manvi konn kibòw pwale!

Shan: ooh!

Yo vinn rann yo kont ke gen moun nan salon an, yo fè silans.

Jeffry: nou toujou nan yon diskisyon nou menm?

PaolaWhere stories live. Discover now