Chapitre 4

21 4 0
                                    

🔷Paola pat rive konvenk Jefferson poul te fè yon minit de plus. Li te kitel ale poul ka al konsole Bethina.

Nan samdi, Paola al nan club sport kote Edwins konn ye a. Li enskri e yo pèmèt li kòmanse menm jou an. Li te fè tout semèn nan ap pale ak Wadson e li pa kouri pale gwo bagay avèl pou misye pa sispèk, gen yon bagay dèyè sa. Kòm li te tande se Edwins ki pi di, li konsantrel sou li pou moman an.

Yon moman aprè, pandan lap kouri sou machinn nan, Paola wè Edwins ki parèt e ki depoze sak li, lal pale ak kèk nèg, li bwè dlo epil kòmanse leve fè.
Paola fè tout sal kapab poul atire misye, sa rive fèt men Edwins sèlman gadel paske se premye fwa li wèl, apresa li pa janm gadel pou jis Paola ale.

Lè Paola rive lakay li, li tande Bethina ap ri nan salon an, lèl al gade li wè se Jefferson ki chita avèl.

Jeff: ow...anfen ou resi vini. Bonjour Paola.

Paola: bonjour!

Beth: Jefferson trè amuzan wi Paola.

Paola: ah bon! Ok...

Jeff: li tap rakontem kòmanw te ye lèw te piti.

Paola ri epil mande eskiz poul al met valiz li la. Aprè li tounen.

Jeff: kòman bagay yo te ye?

Paola: pas mal. Wap bwè yon bagay?

Jeff: non merci...pa enkyetew chère. En fait, mte vinn la pou yon but byen detèmine wi.

Bethina deplase

Paola: map tandew!

Jeff: mte vle nou soti ansanm ankò, mpat apresye fason yo te entewonp nou dènye fwa a. Nou pat gentan pale anyen serye, sa te deranjem.

Paola: kiyès demwazèl sa te ye? Pèmèt mwen mandew sa!

Jeff: juste une amie ki abite bò lakay mwen. E jan kew te wèl lan se konsa li ye, e li te jis aji konsa par jalousie.

Paola: jalousie poukisa?

Jeff: oh, li wèm chita ap pale ak yon bèl fanm kreyòl, li santil menase peut-être!

Paola: li renmenw?

Jeff: mpako ka finn konfimel.

Paola: bien. Alors, ki kote ou espere mennenm e ki jou?
Mswete se pa menm kote a paske mpa vle kwaze zanmiw lan ankò.

Jeff: sa ap rete yon surprise e se pap menm kote a mpwomèt ou sa. Kòm se yon sortie entre amis, nap fèl demain après midi vers 4hres. Map pase pranw. Saw panse?

Paola: pas mal comme idée.

Jeff: bon, mpwale wi.

Paola: deja?

Jeff: oui. Oh, map tann ou lontan wi. Mpat konn siw pap la e mwen mpat vle relew paskem te anvi baw yon surprise. Bon, Mpwal pase labank. Wa di zanmiw lan ke mwen ale.

Paola: banm al metew devan. Merci pou vizit surprise lan.

Jeff: pa gen pwoblèm!

Paola al akonpanye Jefferson jis nan machinn li an.
Angie tap pase nan wout lan, li wè lè Paola ap antre an e li wè Jeff. Li relel poul tann li epi lal jwenn li.

Angie: Jeff. Kòmanw ye?

Jeff: oh! Manfòm wi e ou?

Angie: mbyen. Mpa janm tandew non depi dimanch lan. Sak pase? Ou banm vag nèt?

Jeff: mpa tèlman gen tan, se sak fè sa wi. Dezole. Epitou manvi chanje bagay yo.

Angie: ou pa gen tan pou mwen menw gen tan pouw vinn kay moun. Kilè ou te gentan zanmi ak demwazèl sa jiskaskew ap vinn lakay li an?

PaolaWhere stories live. Discover now