Chapitre 24

30 4 0
                                    


   Lè Paola reveye, li santil ta manje yon pomme. Li leve pou li al pran youn nan frijidè an. Pandan lap pase li wè Bethina ki chita sou Edwins, yap jwe.
Li kanpe...lap gade yo, li sekwe tèt li.

Paola: mderanje nou?

Beth: oh sis...ou leve! Kòmanw santiw?

Paola: ça va!

Paola al pran pomme nan epil tounen vinn chita.

Beth: Jefferson diw pouw pase kotel nan klinik lan demen maten!

Paola: poum fè kisa? Li te rele?

Edwins: lèw te tonbe a mte relel menm kote a e li te vini touswit!

Paola: an...ok!

Edwins: kòmsi...mwen anba bouch ou la...ou patap janm dim kem gen yon neve oubyen yon nyès nan vant ou?

Paola: oooh! Désolé!

Edwins: mpap pran padon sa! Shanaïcka konnen epi mwen mpa konnen.

Paola: pa fè jalouzi. Sorry!

Edwins: ok!

Beth: mte bouyi yon ti vèmisèl pou ou wi.

Paola: ooh merci b. Mpwal benyen e aprè poum manjel.

Edwins: bon...map tou ale wi!

Beth: banm al metew deyò!

Bethina ak Edwins leve yo soti. E pandan yo ouvri baryè a, Beth wè Carlos kap gadel byen love.

Carlos: mkonprann sak fè ou pat vle tounen avèm nan wi. Kite an te bon pou ou, ou gentan ap byen pase ak lòt nèg ou! Sil pat la avanm kitew lan tou!

Edwins: chérie, c'est qui?

Beth: personne!

Edwins: kòmanl fè ap pale avèw sou ton sa?

Carlos: pran pòz ou pi bon! Wap fè rezèv pou li.

Beth: se ex mwen an mtap palew lan!

Edwins: ah! Le lâche qui t'a laissé tomber???

Carlos anvi fonse sou Edwins men lèl ap gade byen...Edwins pi wo e pi musclé ke li, li pozel.
Edwins fè ekspre li bo Bethina devanl.

Edwins: à plus chérie! Je t'aime!

Beth: moi aussi!

Edwins al monte machinn li, lale.

Carlos: gade lèw non. E pou nèg sa ou jetem nan?

Beth: ou pat gentan jetem pouw te al jwenn fanm ou an? Mpanse nou tap gentan marye wi. Pa vinn fèm pèdi chans mwen tande!

Bethina fèmen baryè a sou li.

   Pandan Paola finn benyen, li kouche sou kabann nan paskel santil fatige. Dòmi pranl e li reve manmanl ki pote yon bèl wòb blan ba li.

Bethina wè Paola pa janm soti, li al antre nan chanm nan, li manyenl. Paola leve chita.

Paola: hum!

Beth: epaw pat vinn manje a?

Paola: dòmi te pranm!

Beth: ça va?

Paola: mwn wè manmanm pote yon bèl wòb blan ban mwen. Kisal sinifi?

Beth: ben...mpa konnen. Petèt ke ki vle diw ke li lè pouw pase a otre choz e panse ak timoun sa kew pwal genyen an. Blanc se pureté. Enfin...je crois!

Paola: humm! Ok!

   🌸🌸🌸Nan demen maten, Paola rele nan travay li pou fè konnen lap anreta paskel pwal lopital epi li pase tann Jefferson nan klinik lan.
Li fè yon bon trant minit chita, li pat anvi relel nan telefòn.
Li fon bese tèt li poul dòmi, li pantan lè yon moun manyen epòl li.
Li leve tèt li e li wè Jefferson ki devanl lan, plus beau que jamais!

PaolaWhere stories live. Discover now