Chapitre 23

23 4 0
                                    


Paola pase nwit lan li pa dòmi. Li pa wè poukisa Jefferson vinn pran pòz tounen nan vil epi pou lal byen pase ak yon lòt fanm aprè.
Li retire bag la nan dwèt li, li metel nan chèn ki nan koul lan.
Li poko konn kisa poul fè. E akoz gwosès lan li vinn trè vilnerab...li paka al nan kont ak Sabrina.
Aprè tou, si tout sa rive, sè ke Jefferson te dakò.

   🌼Vers minuit, Pablo ap plede panse ak Angie. Li relel e li rive jwenn li.

Angie: allo!

Pablo: bonsoir Angie.

Angie: c'est qui svp?

Pablo: tu as déjà supprimé mon numéro?

Angie: epa sèl nimewow mwen efase non janw ka remakel lan, menm vwaw gentan soti nan lesprim.

Pablo: ou fèm mal lèw dim sa.

Angie: mpat diw li poum te fèw dous non. Poukisaw relem la? A lè sa ankò...kisaw bezwen?

Pablo: mte anvi tande vwaw poum ka pase yon bòn nwi.

Angie: wap pase yon bòn nwi pandan pam nan pwal ajite akoz de ou. Mpa anvi tandew ni wèw devan yeux'm ankò.

Pablo: mpap ka efasew osi fasilman Angie. Ou chanjem konplètman, ou fèm konn sak rele lanmou.

Angie: konbyen fanm ou di sa deja? Mpanse ke ou ta dwe met fen ak tout bagay sa yo piske mkonnen pouki rezon ou te antre nan vie'm. Fini ak koze vanjans ou an. Banm vag!

Pablo: Angie...mpa nan kad vanjans lan...mwen pat konnen, mte sèlman mandel yon moun poum distrèm epil te banm kontak ou.

Angie: ouais...ouais...ou pansem pwal kwèw? Bonne nuit Pablo epi pa relem ankò!

Angie rakwoche epil etenn telefòn nan.

Pablo: kètt! Fanm sa ap fèm fou..mpap ka kitel ale menm sil te nan yon bagay ak frèm paskem renmenl.

   🌸Nan demen maten, Molly soti ak fiyansel, yo al achte kèk bagay nan yon magazen. Li la se kòmsil pa la paskel pèdi nan lespril. Gladiah antre nan vil nan yon fason kel paka konprann poul vinn dominel.
Li paka mete fiyansel okouran el pata dwe gen sekrè pou li tou. Men li konnen Tayson pa jwe, sil ta aprann yon bagay konsa li pwal chèche fè fas ak Gladiah e sa ka agrave sitiyasyon an, afè maryaj la ka tou kanpe.
Petèt sil ta pale sa ak Bethina ak Paola...ya konprann li.

Tayson manyen Molly

Tayson: chérie. Ça va?

Molly: hum...oui bb!

Tayson: poukisa ou perdu nn pansew konsa alòske mwen bò kotew? Pa dim se preparasyon maryaj lan kap stresew?

Molly: kòmsiw te konnen bb!

Tayson: kisaw peur la menm? Nou ale twò vit? Mwen...sensèman mpaka tann poum al viv bò kotew. Kisa kap trakasew konsa?

Molly: bb...dans les années précédentes, je n'ai pas été trop parfaite!

Tayson: moi non plus chérie. Je n'ai pas été un saint. J'ai fait souffrir tant de personnes. Men jodia mdeside leve pyem e chanje vie'm e se bò kotew mwen vle repoze paskem renmenw em jwenn lakay ou sam pa jwenn kay anpil lòt. Em ta konseyew pouw metem alèz e pa janm fèm sekrè.

Molly: dacc bb!

Pawòl sa yo fè Molly pi strese toujou. Li santi lap balanse nan mitan de mond.

Tayson: saw panse de kabann twa plas sa? Ou renmenl?

Molly: oh wi cheri. Banm fon kouche sou li poum wè!

Molly lage kòl sou kabann nan

Tayson: humm...nap dòmi dous sou li wi.

PaolaWhere stories live. Discover now