Chapitre 31

73 10 0
                                    


Jefferson kontan anpil paskel retwouve fanm li renmen an. Si yon bagay te rivel, li pa konn ki mal li te ka fè tèt li. Non sèlman paskel pat sipòtel nan kèk bagay epitou paskel rate yon pakèt jou san li.

Medsen mete Paola nan serum e yo gentan fè plizyè examen pou li. Sitou pou yo ka wè si sa pap afekte gwosès lan.
Jefferson pran telefòn li, li rele papal.

David: Jefferson!

Jeffry: papa ...mjwenn li wi!

David: Dieu soit Loué! Kounya ou konn kiyès ki manmanw lan?

Jeffry: mpa gen manman...malerezman.

David: rete avèl wi...pou lèl reprann li.

Jeffry: Gladiah te ka tuyem tou!

David: fanm sa...pa gen anyen li paka fè, sitou pou lajan. Kòm dosyel konplè kounya, se bon moman an mwen tap tann...banm rele Edwins poum ka fè sam gen poum fè a.

Jefferson: ok papa!

Jefferson annit rakwoche. Kèk minit aprè,li resevwa appel Bethina

Jeffry: allo!

Bethina: Jefferson...Edwins dim ou jwenn Paola. Kotel? Li byen? Pasem li!!!

Jeffry: Bethina...li normal wi.

Bethina: map vinn wèl! Poum pale avèl.

Jeffry: Malerezman ou pap ka pale avèl kounya, lap repozel. Epi...Li tap pi bon si se demen sdv ou pase wèl. Yo pap aksepte ou antre vinn wè malad a lè sa, mpaka brize règ lopital lan paskem se medsen..

Bethina: ok mkonprann. Kiyès ki te pranl? Sabrina?

Jeffry: Gladiah!!!

Bethina: manman sòsyè sa...wouch! Mpaka wè fi a. Eskizem wi...kòm se manmanw!

Jeffry: mpa gen manman Bethina. Ou pa dwe wont di kiyès ki manmanw men mwen menm mwen wont paske depim piti li pa jwe okenn wòl nan vie'm aprè alètman li te fè pou mwen.

Bethina: ok...veye Paola pou mwen wi stp. Pa kitel poukont li.

Jeffry: pwomi.

Bethina rakwoche, li voye yon mesaj bay Molly.

Molly te kouche bò kote Tayson. Malgre misye te dil pap dòmi ankò, li rive konvenk li.

Molly souri apre li finn li mesaj la, Tayson vire gadel.

Tayson: ki nèg kap ekriw la a dizè di swa a?

Molly: baby...devine! Yon bèl surprise ap tann nou!

Tayson: quoi? Gladiah mouri?

Molly: poukisa se saw di an premye?

Tayson: elle est la cause de mon instabilité. E li koz ou peur menm lèw pwal dòmi, ou toujou ap veye.

Molly: yo jwenn Paola! Gladiah ki te kidnapel!

Tayson: bon! yo pa tou lage polis nan dèyèl?

Molly: mpanse yo pwal fè sa kounya paske yo vinn gen kont akizasyon kont li. Ouf mpwal resi viv an pè! Map resi dòmi sou de zòrèy mwen!

Tayson: kounya maryaj nou an ap ka fèt san danje cheri?

Molly: wi bb!

Tayson: je t'aime ma reine!

Molly: moi aussi. Bb, mgen yon bagay poum diw wi papi!

Tayson koke Molly

Tayson: je t'écoute ma petite fleur!

PaolaWhere stories live. Discover now