Chapitre 25

31 5 0
                                    


Molly: mbezwenw...mgen yon bagay poum pale avèw.

Paola: a pwopo de kisa? Li urgent pase sa?

Molly: au sujet de Gladiah. Ex madanm Mr Collin!

Paola gade Bethina...

Paola: map tandew!

Molly: mkonnen apresa ou ka tou pa pale avèm ankò wi men mwen dwe fèl. E avan...mta renmen ou eksplikem poukisa ou te fèm fè tout rechèch sa yo pou ou a. Siw pa dim, mwen pap ka baw verite!

Paola: se paske Gladiah touye manmanm. Mte vle antre nan fanmil poum detwil.

Molly: e pitit li a ou ansent pou li a?

Paola: tann mwen...se konsa wap pase...pran pòz ou gen bagay pouw dim poum ka vide vant mwen ba ou?

Molly: non...Paola sam pwal diw la ka mete vie'm an danje wi.

Paola: Sak fè sa?

Molly: Gladiah te vinn kotem epi li...

Molly santi yon men sou epòl li, li rakwoche epil vire.

Tayson: cheri...poukisaw pap dormi? Ak kiyès wap pale lè sa?

Molly: ak yon moun wi bb. Se jis mpat gen dòmi ankò.

Tayson: ou te ka levem pou nou gade yon film ansanm.

Molly: mpat vle reveyew paskem konnenw fatige.

Tayson: Molly cheri...ou genlè gen lòt nèg sou mwen?

Molly: oh non bb...mpa genyen non.

Tayson: ebyen ou gen yon bagay wap kachem. Wa sonjem te diw mpa vlew banm manti.

Molly: cheri...

Tayson pran menl li ralel vinn chita

Tayson: ou mèt rakontem sa kap pase a.

🌻Paola ap toumante kòl.

Paola: ou wè bagay la? Moun nan finn relew li metew sou tansyon epil koupe appel la li pa diw li!

Beth: li sanble gen kèk pwoblèm.

Paola: ou toujou ap chèche pran defans li. Mwen mpa fè fi sa konfyans. Li gen yon bagay lap fè an soudinn.

Beth: dòmi tande fi. Talè kouw gen yon bagay... papa pitit ou a kap pran pòz li pa sou bòw la a vinn lage dife nan dèyèm.

Paola lonje kòl poul kouche.

🍁Molly leve sou Tayson.

Molly: cheri...se konplike. Se pa yon bagay mka eksplike konsa epi...epi...epitou fòk nou al dòmi.

Tayson: mpa gen dòmi. Molly...map tann verite a. D'abord, tu étais avec qui au téléphone à cette heure?

Molly: une amie que...que j'ai en quelque sorte trahi!

Tayson: ah bon! Sak pase??

Molly: Tayson...

Tayson: j'insiste! Je veux savoir!

Moly chita poul rakonte Tayson tout bagay, de A jiska Z. Misye pran tanl poul tandel sanl pa entewonp li.

Tayson: sim konprann byen...ou te pran plezi nan jwe la petite espionne?

Molly: epa fòt mwen b...epi se pa yon bagay mte abitye fè.

Tayson: menw te rive fèl. Epi... Pou lajan ankò.

Molly: je ne faisais que m'amuser...

Tayson: oui...comme une gamine. Sans penser que sa ka gen répercussion sou vie'w.

PaolaOù les histoires vivent. Découvrez maintenant