Chapitre 30

23 5 0
                                    


     ⚫Lè Jefferson rive kay Sabrina, li ouvri pòt la li antre, li chèche tout kote li pa wè anyen.
Li ouvri pòt chanm nan tou piti, li wè de moun anndan.
Li kouri retire kòl epil ale.

Jeffry: oh mon Dieu! Où es-tu Paola?

Jefferson vinn gen plus pwoblèm li pa konn kisa poul fè.
Li tounen lakay li.

Wadson: ou jwenn li?

Jeffry: mpa wè anyen ki ka endikem kibò map jwenn li!

Shan: woy!

Jefferson ouvri pòt la, Sabrina file soti li plonje sou li.

Sabrina: poukisaw te fèmenm la?

Jeffry: pou rezon pèsonèl mwen.

Sabrina: mpa sou jwe non. Ou pousem sou yin vye kabann.

Jeffry: ou gen modèl sa yo lakay ou a mwen wè ou fè tounen hôtel lan?

Sabrina: kisaw bezwen?

Jeffry: saw gen ou eksite konsa? Ou pwal dim jantiman kotew mete Paola?

Sabrina: kiyès ki rele konsa?

Jeffry: madanm mwen...banm rafrechi memwaw...demwazèl ou te pouse lage atè nan lakou lakay li a.

Sabrina: sa wap mandem la? Lakay mwen li tap viv?

Jeffry: kotel ye? Mpap jwe non Sabrina!

Jefferson sekwe Sabrina

Sabrina: mpa konn anyen non. De kisa wap palem la?

Jeffry: kotew sere madanm mwen? Merde!

Sabrina: menm sim tap menasel...mpatap rive jiske la. Poukisa poum ta fè sa? Li pa nan menm non!

Shanaïcka kenbe Jefferson, Sabrina kouri li ale.

Wadson: kalmew bro. Fè kòlè pap rezoud anyen. Nou dwe fè tèt nou travay poun jwenn li.

David tap tande bagay yo, li vire soti lal rele Edwins.

Jeffry: se jou kap mache wi...mpa konn sil manje...sil bwè ...sil...sil vivan. Kèt! Bagay sa fèm pèdi kontwòl tèt mwen.

Shan: li pa gen anyen! Msûre de sa!

Jeffry: kòman map fè konn kibòl ye! Waw!

    ▪Pandan Pablo chita lakay li a, li wè Clifford pase antre ak figil tou anfle, epi li move met sou li ankò.

Pablo: rete! Saw gen la? Ou fè aksidan?

Cliff: jere biznis ou pito tande man!

Clifford al nan chanm li, li pa janm soti.

Yon lòt moman li pase ak valiz li.

Cliff: mpwale wi. Mpwal kay papam!

Pablo: ah bon? Konsa menm?

Cliff: mbaw lè nan kay ou a!

Pablo: ou tèlman bat boudaw, yo mete pou ou!

Cliff: mpa kwè sa regadew non man.

Pablo: apa se yon frekanw te ye?

Cliff: saw wè a e sa wi.

Pablo: hum kòm menm si dwèt ou pouri ou paka koupel jete, se paw li ye deja...Tann mwen, mpwal baw yon ti kòb!

Pablo ale nan chanm li, li ouvri bwat sekrè li a, li wè li manke lajan. Lèl tounen ale nan salon an li pa jwenn Clifford!

Pablo: vòlè sa pap kite non! Antouka...bòn wout! Ou te dwe ale deja! Mswetew kitem viv an pè ak madanm mwen! Mwens chen, mwens pis.

PaolaDonde viven las historias. Descúbrelo ahora