Chapitre 29

27 6 0
                                    


     Nan demen maten, Jefferson leve ak yon tèt fè mal. Li gade lè nan mont li, li wè li 6h. Li leve li soti deyò, li jwenn Bethina chita nan salon an, de jenoul kontre, lap manje zong li.

Jeffry: bonjour. Li antre?

Bethina sekwe tèt li epil lonje telefòn li an bay Jefferson.

Jeffry: li te ekriw? Men...poukisal dòmi deyò?

Beth: se pa Paola ki ekri mesaj sa. Mwen sûre de sa. Lèl ap ekrim li pa konn relem sista.

Jefferson chita

Jeffry: ebyen...

Beth: yon bagay rivel Jefferson. Sil te gen yon pwoblèm, menm si se ta avèm li tap relem poul dim li pap antre poum pa enkyetem. Paske se nou de kap viv nan kay la, se pa yon mesaj li tap voye. Anplis mvoye repons ba li, mpa resevwa mesaj ankò, mrelel mpa jwenn li. Gendwa se manmanw ki fè kidnapel.

Jeffry: manmanm?

Beth: oui!

Jeffry: mpwal regle kèk bagay. Si ta gen yon bagay wa metem okouran. Male.

Beth: ok! Mpwal benyen poum soti.

Jefferson pase dlo nan figil epil al monte machinn li, li ale.

    🍁Tayson leve, li preparel pou lal travay. Pandan Molly nan kizinn nan, li rele Max poul mandel kòman bagay yo pase.

Max: allo!

Tayson: sa kap fèt zanmi?

Max: mpoze wi.

Tayson: bagay yo mache?

Max: mrate kou a wi akoz moun ki tap pase. Te gen yon kontraryete. Map veyel yon lòt fason.

Tayson: ebyen ok! Fè atansyon wi man.

Max: pa enkyetew man!

Tayson: ok!

Tayson rakwoche pandan Molly ap parèt.

Molly: ak kiyès ou tap pale la b?

Tayson: ak Max. Nou gen yon bagay nap jere.

Molly: an ok. Mwen prepare bwat la pou ou wi. Ou ka ale kounya!

Tayson: mèsi madan maryem!

Tayson bol epil al pran afèl poul ale.

Tayson: fè atansyon wi cheri. Wap soti?

Molly: wi boo! Mgen poum ale nan studio a poum fè zong mwen.

Tayson: ok bae.

Molly: bonne journée papi!

Tayson: ou menm tou manmi!

Tayson ale, Molly mete kas nan zòrèy li lap tande mizik epi li fèmen jel li kouche sou kanape a pandan lap manje yon pomme.
Li resevwa yon appel de Bethina.

Molly: oui, bonjour!

Beth: bonjour...banm diw...mprese mwen nan wout mpwal travay. Mbezwen yon sèvis nan menw wi.

Molly: sal ye la?

Beth: fè yon jan rele Gladiah, pase yon kou sou li, dil epal kidnape Paola epil pa vinn diw mèsi.

Molly: oh kòman sa? Poukisa manti sa?

Beth: Paola pa antre la non Molly. Nou pa wèl, msûre ke se Gladiah ki fè kidnapel.

Molly: kisaaa? mpaka wè fi sa non mwen menm!

Beth: mpa mandew pouw wèl, jis relel nan telefòn.

PaolaWhere stories live. Discover now