Chapitre21

24 6 0
                                    


    David soti li al kay Paola pou yo ka pale de bagay yo.

David: kòmanw ye Paola?

Paola: anfòm!

David: ou bay vag ak tout bagay nèt kounya? Sa fèm plezi wi!

Paola: bay vag? Mswete ke se blag wap fè mr Collin...mjis ap reflechi toujou. Sak pou dim si saw te di yo se verite?

David: o fon de ou menm...ou konprann sam diw yo e ou konn repons lan.

Paola pa santil byen, li kouche sou kanape a.
Bethina tande frape, li al ouvri, li sezi wè Jefferson!

Jeffry: salut!

Beth: oh! Bsr! Kòmanw ye?

Jeffry: byen e ou?

Beth: byen! Dat mpa wèw?

Jeffry: ah! Ou konn bagay yo pi byen pasem!

Beth: hum...ok!

Jeffry: Paola anndan an?

Beth: wi. Ou mèt antre!

Jeffry: merci!

Jeffetson antre li wè papal chita, li wè Paola kouche ak de zyel fèmen.

Jeffry: bonsoir!

Paola ouvri zyel

Paola: Jefferson!

David: bonsoir!

Jeffry: piske nou sanble okipe, mprale, ma tounen yon lòt jou! Sim disponible!

David: non ou mèt rete! Banm ale pito!

David ale, Jefferson chita anfas Paola.

Paola: ki bon van ki mennenw la?

Jefferson pran le soin poul ap detaye fason Paola abiye an, li sonje jan bagay yo te ye avan.
Misye reprann lespril, li paka kouri vinn jete kòl la konsa alòske yon pakèt bagay ap maniganse e li pa konn anyen, pa gen yon moun ki souflel yon mo.

Jeffry: mpa vinn la pou bay blag non Paola. Mvini la paske manvi konnen si saw te dim nan...sam te tande a,èske se se sal ye!!

Paola: ou vle pale de bb'm nan?

Jeffry: selon sam ka remake ou poko gen bb, ou sèlman gen yon ti bagay kap grandi nan ou.

Paola enève, li kanpe. Jefferson chita byen kalm.

Paola: pitit mwen an wap rele ti bagay la? Jefferson, sa wap rele ti bagay la...kit se ti bagay, kit se yon ti graine, kit se yon bb...kit ou aksepte ke se pou ou mwen ansent ou pa...lap rete la, map kenbel, lap gwosi e lap rive vinn sou tè poul parèt anba jew.

Jeffry: très bien!

Paola: comme se sa sèlman ou te vinn mandem, ou mèt ale wi! Ou pap vinn fè ti bagay la pase nan nenm poul toufem non!

Jefferson vire poul ale

Paola: ras manmanw!

Jefferson bay Paola fas li byen move

Jeffry: repete saw di a!

Paola: ou anvi fè stop...replay?

Jeffry: ou konn manmanm? Te kwè se wè ou te wèl. Kisaw konn de li?

Paola: saw pako ka konnen se yo mwen konnen. Bagay ki ka voyel nan prizon!

Jeffry: ah bon??? Alors, profites-en!

Paola: mpap dim regrèt mte avèw non men ou fèm desi de ou, ou pat renmenm vre!

Jeffry: ou renmenm ou menm? Ou chaje sekrè pou mwen! Mpa konn kiyès ou ye! Ni kisaw ap fè!

PaolaWhere stories live. Discover now