Chapitre 20

20 6 0
                                    

Gladiah: ou pwal dim tout saw konnen de Paola de A jiska Z. E siw pa pale, se pou ou lap pi mal. Em konnenw renmen pale, ou mèt degajew...map tandew!

Molly chita sou chèz lan

Molly: mpa gen anyen poum diw de Paola!

Gladiah: sak fè sa la?

Molly: paskem pa konn anyen de li. Anyen!

Gladiah: bon se ou ki bal tout enfòmasyon sou kòman poul antre lakay mwen, ou bal enfo sou pitit mwen epiw pa konn kiyès li ye. Jwe wap jwe.

Molly: non...se vre. Mpa konn anyen de li, mpa konnen pou ki rezon li te bezwen enfòmasyon sa yo.

Gladiah: piske ou pa konn poukisa...ou pwal chèche konnen poukisa. Mbezwen konn sa ki nan tèt li.

Molly: kisaw bezwen menm?

Gladiah: pa pozem kesyon...wap sèlman fè tout sam diw fè. Menm jan ou pa konn anyen de li an, ou pa gen yon lide de plan li yo. Ou pap gen okenn ide de pam yo.

Molly: mpa travay konsa non mwen menm.

Gladiah foure menl nan valiz li, li retire yon anvlòp jaune, li ba lil.

Gladiah: karant mil goud!

Molly: ou bezwen poum tounen maryonèt ou se sa?

Gladiah: se nom sa ou ka ba li? Alors...oui!

Molly: kòb la twò piti!

Gladiah: lèw finn fè sam vle yo, map met di mil goud sou li.

Molly: ok!

Gladiah: ou pwal chèche vinn bon zanmi Paola pou konnen kisal bezwen...kisal te vinn fè lakay mwen an...poukisal pwoche pitit mwen.

Molly: hummm!

Gladiah: e ou gen enterè jwenn yon repons kòrèk pou chak bagay. Degajew janw kapab.

Molly: ok!

Gladiah: sispann dim ok . nimewom make sou anvlòp la, ou ka relem siw vle.

Molly: ok!

Gladiah gade Molly

Gladiah: zam nan kifèw paka pale a? Male!

Gladiah vire li ale. Molly met de men nan tèt li.

Molly: kòman fi sa fè konn bagay sa yo mezanmi. Oooh! El gen zam, mpata ka refize.

🔵De jou aprè, Paola al kanpe devan klinik Jefferson nan san li pa konn si misye ap vini ou pa.
Chans pou li, li wè machinn misye an kap parèt. Lè Jefferson finn desann, li wè Paola. Li fè kòmsil pa wèl.

Paola: Jefferson!

Jeffry: mademoiselle! Mwen ka edew?

Paola: se pa konsa sa te ye avan non. Poukisa ou oblije chanje nan eta sa?

Jeffry: e ou menm...poukisa wap tounen vinn boulvèse lavim alors que tout va mieux???

Paola: sa ka rive tout bagay ok pou ou men mwen menm depi jou ou kitem nan map soufri e jodia ou kite yon lòt soufrans anndanm.

Jeffry: mpa fèw soufri. Se ou kap fè tèt ou soufri.

Paola: mdakò ke sim pat fè sam pat dwe fè mpatap soufri vre men sim pat fèl tou mpatap rankontrew. Mrenmenw Jeff, kijan poum montrew li ankò?

Jeffry: excuse-moi. Mgen anpil bagay poum al fè!

Paola: Jefferson...

Paola al manyenl, li pouse menl. Paola tou endispoze.

PaolaWhere stories live. Discover now