Chapitre 11

24 5 0
                                    


  Edwins leve bonè, li chèche pi bèl teni li genyen poul mete poul al fè sport. Lèl rive, li jwenn Paola te gentan la, li voye men bal men li pa prale avèl pou evite deranjel. Tanzantan lap vòlè je gadel.

Jis nan aprè lè li remake ke Paola prale li rive kotel.

Edwins: ou prale kounya?

Paola: wi. Mpwal regle yon bagay.

Paola fennen figil nèt

Edwins: saw genyen ou triste konsa??

Paola: anyen non. Male...

Edwins kenbel

Edwins: dim saw genyen stp. Ou pa janm konnen, petèt map ka edew.

Paola: ou pap ka edem. Merci kanmèm.

Paola degaje kòl poul ale, Edwins re kenbel.

Edwins: j'insiste! Je veux t'aider!

Paola: ou tenace anpil wi! Waw! Ok, se yon pwoblèm ke mwen genyen. Mwen gen yon dette kem poko acquitté. Se sa ki konble lesprim ki fèm prèske paka panse a lòt bagay. Moun nan ap banm pwoblèm em poko touche kòb travay mwen.

Edwins: ow. Mvrèman dezole chère. Konbyen kòb li ye?

Paola: mpa gen lentansyon diw li non Edwins. Mvrèman dezole pou ou. Mpa renmen lè moun ap pran pitye pou mwen.

Edwins: pa di sa chère...mjis anvi edew paskem enterese a ou menm. Ou reprezante anpil pou mwen.

Paola: bon ou fenk rekonèt mwen epiw ap di sa?

Edwins avanse jis bò machinn li an avèl

Edwins: wi mwen fenk rekonèt ou men...mwen apresyew e depi lèm wèw lan msanti ke bagay yo gen poul mache antre nou.

Paola: de quoi parles-tu?

Edwins: rien...ne t'inquiète pas. Alors...et cette somme?

Paola: 50 000 gourdes.

Edwins: wawww! Pou sa wap fè chichi a chère? Se peu de chose! Pa dim vantard mais...je suis l'aîné d'une famille respectée et riche, et je suis avocat. Je peux t'aider.

Paola: sof ke se pa yon jijman mbezwen.

Edwins: tu auras cet argent. Promis! Demain sdv map fèw jwenn li à une condition.

Paola: laquelle?

Edwins: nap al manje ansanm nan resto\hôtel kote nou te rankontre lèw te ak sèm nan.

Paola: pa gen pwoblèm...

Edwins: ok. Mka akonpanyew lakay ou?

Paola: oui!

  Paola monte machinn li an e li bal adrès li.
Li pa gen okenn pwoblèm kòb vre, li konn sa lap fè an el pa gen anyen li pwal regle ak kòb la. Li jis ap itilize yo.

    🔹🔹Bethina abiyel e li ale kay Carlos san li pa avètil. Lèl rive li frape, Kétia vinn ouvri, li pa menm pale avèl li bouskilel e li antre.

Kétia: oh konsa yo montrew antre kay moun? La pa jaden manmanw ak papaw non.

Bethina: je chèch, limenna pye tòde, fè kòmsi ou pa konnen ke se fanm Carlos mwen ye.

Kétia: ou wèw ka gen bèl bout kann sa nan bourèt ou? Se mwen ki kontwole pansel. Siw ka konnen kem avèl se paskem vle, dat mte avèl sou ou la ou pat janm konnen. Mannit dil poul mandew kite, li al fèl.

Bethina: ou pa menm wont pou di saw di a?

Kétia: wont poukisa la? Nèg sa se mwen kap kontwolel ok? Sa se nèg pam! Epi siw pat konn sa, map fèw konnen...map pòte yon bb pou li.

PaolaOù les histoires vivent. Découvrez maintenant