Chapitre 27

78 7 0
                                    


Mat: se swaw mande nèg la poul baw kòb chak fwa ou byen ou banm kay la blanch! Ou pa fout bezwenm vre!

Gladiah: reprann saw sot dim nan svp...

Mat: ou tande byen...banm reprann pou ou kanmèm. Wap degajew mande mariw oubyen ex mariw lajan chak mwa. Siw pa vle ou pap ka rete menm kote avèm paskem pap gen bagay poum baw manje ni lajan poum metew nan luxe.

Gladiah: que me racontes-tu? Et ton travail?

Mat: mwen demisyone! E se apre mwen finn fè sa mwen aprann ke madanm mwen vide compte mwen paskel tandem gen lòt fanm.

Gladiah: et bien...al pale avèl, menasel.

Mat: map raplew ke se madan maryem li ye, nou gen 3 pitit ansanm e nou pa divòse.

Gladiah manyen Mathieu

Gladiah: se mwenk madanm ou kounya paske se avèm wap viv...ou dwe pran swenm.

Mat: temporairement!

Gladiah: Math...ou paka fèm sa non, ou fèm kite kay marim poum vinn jwenn ou la...ou ankourajem divòse.

Mathieu pouse men Gladiah

Mat: atansyon ak saw ap di. Mpat diw kite kay mariw...se ou ki te vle fèl paskew te konnenm ap viv seul e kem renmen depanse.

Gladiah: men ou te ankourajem fèl.

Mat: paskem te wè se saw te vle. Ou te lage nan kòm, mwen te oblije aksepte. Se pa kou sa pa bon pouw ap vinn rejte tout fot yo sou mwen. Pa fè sa! Mwen, mka pa nan menm kay ak madanm mwen men...mwen pa kite avèl nèt. Se fanm mizèm.

Mathieu vire li antre, li kite Gladiah ap kriye.

Gladiah: mpap ka al jwenn David ankò paskem te gentan siyen papye divòs!

🌻Nan demen maten, revèy la sonnen 6:00 hres AM. Paola te kouche, tèt li sou Jefferson. Jeff pantan, li pase menl nan figil, lèl pase menl li santil fwole kò yon moun el santi yon moun sou li. Se la li vinn sonje kel te ret dòmi.

Li pase menl nan tèt Paola

Jeffry: Paola...

Paola: hummm!??!!!

Jeffry: réveille-toi! Fòk mwen ale!

Paola detire epil leve li chita, li vlope kòl ak yon sèvyèt.

Paola: bonjour!

Jeffry: bonjour. Bien dormi?

Paola: dans tes bras...oui! Se la poum ta rete toutan! Ou pwal benyen avanw ale?

Jeffry: li tap bon vre wi. Lèm rive lakay mta jis chanje rad mwen.

Paola: ou mèt itilize salle de bain mwen an. Mpwal fè yon bagay pouw manje.

Jeffry: pa fatigew! Please!

Paola: j'insiste!

Jeffry: d'accord!

Paola: mte konn pi renmen lèw ap ancherim tanzantan wi!

Jeffry: ok...che...chérie!

Paola met yon rad sou li epi li al lave figil, aprè li al nan kizinn nan, li jwenn Bethina kap detire.

Paola: gad detire fi a non!

Beth: ohoh lolll! Bonjour.

Paola: ou byen dòmi?

Beth: oui...mpa menm bezwen mandew pou ou paske aparaman ou tap byen pase yèswa! 😂😂😂

Paola: oufff pitit oh. Mtèlman damou tinèg la!

PaolaOù les histoires vivent. Découvrez maintenant