Chapitre 8

23 5 0
                                    


 
        David kòmanse santi li pa tèlman an pè ak koze sa yo. Li fè apèl a yon moun ki petèt ap ka edel jwenn sal bezwen an.
Li leve granm bonè poul al travay poul ka gentan fè sa lap fè yo. Malerezman li pa rive jwenn moun nan, men piske yo te gentan konkli pou yo wè, moun nan pase kotel lakay li an.
Yo al chita bò pisinn nan yap pale e Gladiah li menm ap veye yo menl paka tande sa yap di.

David: mte gentan panse ke nou pap wè ankò wi paske mwen wè mpa tandew.

Margalie: Collin, mwen gen yon sèl pawòl. Depim te diw nap wè, sè ke nap wè. Pwoblèm ki vinn prezante, lèm sot travay mwen te remake ke marim pa pòtel two byen e tifim nan fòk mwen te fon voye je sou li nan yon bagay li tap fè. Mte ap eseye aranje sa e lè a fèm defo, mpa menm gentan relew.

David: an ok. Mkonprann, la famille avant tout. Sak pi enpòtan an, sè ke ou la. Bon...mte eksplikew tout bagay deja, o sijè de sak te pase nan kay lan la. Jan fi a mouri an li fèm mal. Em pa kache diw, mte renmenl. Em pa premye mesye marye kap gen yon sèten apresyasyon pou yon moun kap travay lakay li. Fi a te atansyone, el te itil nou anpil.

Margalie: ok...mkonprann.

David: li gen yon pitit...mpa sonje nonl em pa konnen si se yon fi oubyen yon gason...men lidem plis dim li ka yon gason. Li pat janm konn vinn avèl la em pat konn wè fotol non plis. Mbezwen jwenn li, mvle rankontrel poum edel.

Margalie: kòman madanm ou te ye avèl?

David: fi sa a...depi lèm marye avèl se yon bwat pwoblèm wi Margalie. Sak fè mte toujou kontinye avèl se paske depi avan maryaj li te gentan banm Edwins, Li te gentan gen yon lane. Mte wè fòk mwen epouze fanm sa pou tray li pase pou mwen paske nou pat nan menm ran sosyal. Mte gentan ap manyen bon kob. Nou annit marye  fi a transfòme. Mpa gen menm atansyon ankò, timoun nan vinn on ti jan lage. Li te vinn ansent Jefferson, li vinn pi pretansyez. El pa pran swen timoun yo...se kòmsi se sa sèlman li te bezwen pou vil...la richesse.

Margalie: poukisaw pat divòse?

David: mte gen espwa ke lap chanje epi mpat anvi timoun yo soufri. Men malgre sa, yo gen manman se kòmsi yo pat genyen paske se mwenk fè tout bagay. Depi lèm te avèl tout zanmim tap mandem kotem jwenn vye fanm sa. Men nan tèt mwen mte konnen ke nou pwal fè tout moun wont, o kontrè se mwen ki wont. Mjust reziyenm, mte fè chwam, mwen pran konsekans yo ak kè. Menm konnen nou ap divòse kanmèm. Bon...ann tounen sou tipitit la,Èske wap ka edem jwenn li?

Margalie: mtandew ak atansyon e saw dim yo chokem wi. Maryaj pa fasil ditou, pran yon moun mete nan viw se pa yon jwèt paskew ka fè tout viw ap peyel. Pou timoun nan...bon mpanse ke li gran kounya nou paka pale de timoun...si tout fwa wap ka edem jwenn kèk enfòmasyon soti depi moman dam nan te vinn mande travay la jiskaskel kite an alors oui map ka edew.

David: aaah! Ou gentan fè kèm kontan wi Margalie.

Margalie: mwen abitye travay avèw deja. Ou konn kiyès mwen ye e ou konnenm pa konn bay fo mamit.

David: wi mwen konn sa. Sur ce point là, je te fais confiance à 100%. Je sais qui tu es et comment tu t'y prends.

Margalie: alors, map tann bagay yo nan menw. Voye yo ban mwen epi map travay pou ou.

David: konbyen tout sa yo ap koutem?

Margalie: je te fais confiance également, wap banm saw wèm merite a.

David: là...je suis dans l'embarras!

Margalie: chwazi😂. Mpap ka fè twòp tan non, nou gen kenz an depi nap travay ansanm men ou konnen se premye fwa mwen antre isi a.

David: ebyen ok...pa gen pwoblèm, map gade kòmanm ka aranje sa. Ou mèt ale. Merci pou èd ou. Salye mariw pou mwen.

Margalie: sans problème!

PaolaWhere stories live. Discover now