Chapitre 13

25 5 0
                                    

Vè 8h pm, Paola pantan nan dòmi. Li santil biza e li wè Jefferson alonje bò kotel la. Li sezi, li vlope kò li ak yon sèvyèt epi li kite chanm nan tou dousman li al pran yon kouto nan kizinn nan. Li antre nan chanm nan ak yon move entansyon.
   Li pwochel de kabann nan lap gade Jefferson ki kouche sou vant kap dòmi...

   Paola leve kouto a anlè poul ta antrel nan dol men li pa kapab, li kouri voyel anba kabann nan. Lè bagay la tonbe an, Jefferson tou pantan. Li wè Paola ki kanpe kap gadel byen move. Misye kouri leve.

Jeffry: ça va bae?

Paola: il est tard. Tu dois partir!

Jeffry: je peux dormir ici si tu veux.

Paola: non, fòk ou ale!

Jeffry: kisaw genyen ou move konsa?

Paola: Jefferson...je t'en prie!

Jefferson: hum! Ok!

Jefferson abiyel epil ale, li konprann ke li ka anvi rete seule.

Paola fè yon kri epil pran kouto a anba kabann nan li metel sou tab de nuit an. Bethina antre nan chanm nan, li jwenn li vlope nan tout drap yo. Li voye jel li wè kouto a.

Beth: sista...

Paola: humm!

Beth: epa Jefferson te la toujou? Saw tap fè ak kouto sa?

Paola: anyen.

Beth: epaw ap kriye? Kisaw genyen?

Bethina ap eseye devlopel nan drap yo men li pa kapab.

Paola: mkouche avèl. Mperdu kontwòl.

Beth: saw dim la? Sa vle di ou bal vijinitew😕.

Paola: ou vlem fè yon desen pou ou?

Beth: Kkt, ou renmen moun nan, bay tout bagay vag e metel alèz pou nou ka viv ansanm. Gad kotew gentan rive. Wap di ke tout bagay sou kontwòl epoutan wap mouye nan dlo a tou. Tout kòw pa sou bato a.

Paola: mpap abandone!

Beth: ou panse wap ka jere les deux?

Paola: o kontrè kounya map ka fè plis bagay paske lap fèm konfyans.

Beth: kisaw pwal fè kounya? Wap touye yo?

Paola: mpa konnen!

Beth: mpa konseyew. Ou tap fè tout rès viw ap peyel. Tanpri, bay bagay sa yo vag.

Paola: mpaka bay vag.

Beth: Jefferson gen poul fache avèw kanmèm!

Paola: je m'en fous!

     * Jefferson rive lakay li, Wadson te nan lakou a lap bwè byè.

Wadson: mpansew tap pase nwit lan avèl wi!

Jeffry: pardon?

Wadson: ou pat dim ke se fanm ou li te ye non. Se youn nan pute ou yo?

Jefferson nève

Jeffry: ou konn kiyès ki pute? Se Moun tankou Claudia ki bezwen kouche ak nou tout nan kay la. Pa oze rele Paola konsa.

Wadson: ou fè kòmsiw te bezwenl.

Jeffry: wi mbezwenl, paskem renmenl.

Wadson: ou konn rete ak fanm fasil? Ou konn sak rele lanmou?

Jeffry: paskem potko bezwen mennaj. Mpa wè nan kisa vie prive'm enteresew, ann kenbe distans sa tanpri!

Wadson: mte byen entèrese ak fanm nan.

PaolaOù les histoires vivent. Découvrez maintenant