Chapitre 26

24 4 0
                                    


Angie bal yon kalòt!

Angie: ou fout frekan anpil wi.

Clifford: ou pansem patap fèw rann kòb ou te pran pou mwen an?

Angie: ooh se byen! Pandanw ap pale an la, ou pa santi kòb la nan pòch ou? Kòm ou dim ou fèm rann li. Nan kisam rann li an?

Clifford: pou sa frèm nan fèw pase...mgentan jwenn kòb mwen an wi.

Angie: siw wè sa se te yon bon bagay...pitom kontinye vòlèw pouw ka fè frèw la fèm rann yo paske li pi dous pasew.

Clifford nève

Clifford: ou pap janm lòt bagay ke bouzen!

Angie: e ou menm ou se yon dezespere, yon vye malere kap enpoze moun viv. Gad etaw! Ou pa kwè nan chanjman? Banm vag!

Clifford: tout moun ka chanje...sèl ou menm

Angie: mpa yon ordure menm janm avèw. Epi deplase devan pòt mwen an souple.

Clifford vire li ale. Angie chita li kwaze pyel, li wè telefòn li ap sone... Pablo kap relel, li voye appel lan ale.

Angie: aprè youn, se lòt la! Anmèdem!

🌻Nan demen maten, Tayson pwal travay, lap veye Molly. Pandan Molly depoze telefòn nan epil al benyen,misye kouri pran telefòn nan e chans pou li kòd la potko monte. Li rive jwenn nimewo Gladiah. Li pa anrejistre men li wè mesaj ki pèmèt li idantifyel. Li kouri mete telefòn nan la janl te ye an.

Tayson: cheri...

Molly: wiii bb.

Tayson: male wi amour, map anreta!

Molly: ok cheri. Fè atansyon.

Tayson: je t'aime!

Molly: moi aussi boo!

Tayson soti li monte machinn li.

Tayson: mta gen bèl grenn fanm sa...mta kite epav vinn rachel sou tè a? Max ap banm sa sou de ti chèz.

      Nan aprèmidi, aprè travay, Paola pase lave visage li nan twalèt yo e aprè li al nan resto an.
Lèl rive li jwenn Jefferson chita lap tann li. Paola anbrasel epil chita.

Paola: salut!

Jeffry: ça va?

Paola: pas vraiment...et toi?

Jeffry: oui oui!

Jefferson gade vant Paola.

Paola: saw gen la?

Jeffry: mpaka tann li soti!

Paola: vrèman?

Jeffry: anfen...bref! Kòman ou konte preparew pou arive bb a? Mkonnen li on ti jan twò bonè men...

Paola: esam ta di tou. Mpoko reflechi ak anyen. Mpa gen tèt poum reflechi nan moman sa. Men mpanse ke byento tout bagay ap OK.

Jeffry: ebyen ok...

Paola: èske ou...Ansanm ak tidam nan?

Jeffry: non non... Li pa anyen pou mwen. E ou menm mwen fèw rezèv sèlman paskew ansent, mpa vle fèw lapenn.

Paola: ou kitem nan chagren depi jou ou te chwazi inyorem lan!

Jeffry: mpa inyorew...mjis pran distans!

Paola: ki diferans?

Jeffry: ou pap manje anyen?

Paola: sèlman yon jus de fruit map pran!

PaolaWhere stories live. Discover now