Chapitre 14

34 5 0
                                    

    Wadson ale poul bo Paola men gen yon men ki gentan depoze sou bouch Paola ki koz misye pa bol.

Jefferson: erezman nou pat fèmen pòt la!

Wadson sezi, li leve. Paola met menl sou vizaj li.

Jeffry: Wadson? A kisa wap jwe la?

Wadson: kòman sa?

Jeffry: mpanse ke siw ta bezwen rekonfòtew pou sak pase hier lan, se nan bra mennaj ou pou ta ale...men epa nan fanm moun!

Wadson: vwala! Te kwèw pat nan anyen avèl?

Jeffry: plus maintenant. Elle m'appartient!

Wadson: nou marye an kachèt? Metem alèz. Mkonnen Paola se zanmi nou li ye.

Jeffry: ou byen di, se zanmi nou li ye. Èskew gendwa bo yon zanmiw sou bouch?

Wadson: msûr ke lè se ou kap fèl, sa pa jennenw. Mpa konprann tou lèw dim li pou ou an.

Jeffry: Sim diw li pou mwen, sè ke li pou mwen...mpa gen eksplikasyon poum ba ou de plus.

Wadson: ok. Mkonprann. Paola, map mandew eskiz paskem sot eseye bow, mpap kraze relasyon nou. Mpanse se dènye fwa nap pale el tap mye si se ta dènye fwa nou wè.

Jeffry: bien! Merci pou konpreansyonw!

    Wadson soti li ale, el pa gen lòt entansyon ke al defoulel ak Claudia ki akeyil ak kèk kontan paskel konnen li pap soti blanch.
Paola kontan paskel mete mesye yo do a do men on lòt bò li santil mal.
Jefferson rale menl e li fòsel kanpe poul vinn plasel devanl.

Jeffry: saw ta pwal fè la? Ou tap kitel anbrasew?

Paola: lagem...ou fèm mal. Sak pasew la?

Jeffry: mpa gen lide Patajew non Paola. Mvlew pou mwen seul.

Paola: mte pou ou?

Jeffry: oui. Tu m'appartiens et je t'aime.

Paola: et depi kilè mwen pou ou la?

Jeffry: depi jou ou banm vijinitew lan.

Paola: rectification...ou pran vijinitem pandan mwen hors de mwen. Ou panse mpa konnen si se yon player ou ye? Mtande pale de ou wi. Afè pran vijinite an pa gen okenn sinifikasyon pou ou.

Jefferson chita

Jeffry: ok...mte met zam anba kouw poum diw kouche avèm? Se ou ki te konnen ou pat nan gason, ou pat janm dim sa. Epitou afè player lan, se du passé.

Paola: kisaw te konprann lèm te diw ke mwen poko janm gen mennaj?

Jeffry: ou ka poko janm gen yon moun stab nan viw men ou kouche ak moun. Ou paka banm sa kenbe Paola.

Paola: ebyen se pa menm bagay pou mwen menm. Ok? Tout fanm pa menm!

Jeffry: pafwa map poze tèt mwen kesyon èske moun ou dim ou ye an se liw ye vre. Msantiw pa sincère, ou pa dim tout bagay. Ou gen yon bagay wap kachem kanmèm! Parfois lèm ap gadew mwen wè nan yeux'w anpil mystères. Anpil verite kache dèyè fas sa kem ap gade a.

Paola pa vle misye an dout, li chita sou li

Paola: ou mèt reelax. Mpa gen anyen map kachew. Msèlman pa finn kwè nan ou! Epitou mpanse ke siw pako konn yon bagay de mwen se paskew pa dwe konnenl kounya?

Jeffry: èske ou rann ou kont ke ou finn dim yon bagay e ke ou ajoute yon kontradiksyon ki vinn rann sa bwouye lesprim? Ou dim ou pa kachem anyen, apresa ou dim gen bagay mpoko dwe konnen. Eklerem plus stp.

PaolaOù les histoires vivent. Découvrez maintenant