Chapitre 9

28 8 0
                                    

  Nan demen maten, Pandan Clifford chita lakay li a lap panse ak yon fanm li fenk sot kraze, li wè Angie ki antre vinn kotel an kriye.

Cliff: Angie...saw gen la cheri?

Angie: bb...mwen...

Cliff: pale non bb...ti kèm cho!

Angie: mwen ansent wi Cliff!

Cliff: kisa???

Clifford fèl leve atè a epil gade si pa gen moun nan kay la kap gadel epil pran bra Angie li trennenl al deyò an avèl.

Angie: ayyy ou fèm mal wi oooohh!

Cliff: ey Angie...ki skandal ou anvi vinn fè la? Nan lakou lakay mwen wap vinn di yon bagay konsa...ou bezwen frèm nan met rad mwen yo deyò a? Mpatap menm ka vinn rete lakay ou a.

Angie: yo diw lakay mwen an gen hôtel oubyen pansyon? mpa konn saw ap dim la...mdiw mwen ansent ou menm wap pale tenten.

Cliff: veye bouch ou. Ou gwòs...gwòssss! Pou kiyès ou gwòs la menm?

Angie: kòman poukiyès la? Epa avèw mwen kouche sèlman?

Cliff: siw ka di saw di a ou gen audace anpil wi.Ou genlè panse mwen pa konnen si se brasèz ou ye. On kòb ou vinn rache nan menm la?

Angie: Clifford pa ransew avèm tande...pa vinn di bagay ki pou make pitit mwen an. Malfektè!

Angie met yon men sou vant li.

Cliff: te kwèm konn wèw ap plede mache devan kay ti mesye anba yo...sak nan bèl kay bleu a...ou paka al lonje menw ba yo? Si se kòb ou bezwen, mpa gen yon goud la non. Dayè se jwenn ou te jwenn mwen ap reflechi lèw parèt la.

Angie lonje dwèt nan figi Clifford

Angie: map diw yon bagay...bat pouw pa nèvem...pitit sa wap degajew pouw pranl paske se pou ou li ye e wap fè kouw konnen pouw okipel...

Cliff: kotem jwenn kòb poum okipe pitit? Mpwal nan vòlè???

Angie: ou pwal siye machinn pouw okipel.oubyen banm kòb poum retirel. Dayè mpako prè poum gen pitit. E ou menm ou pap travay.

Cliff: kèt mesye!

Clifford kanpe lap reflechi. Li pa gen kòb la, si poul ta jwenn kòb poul bay Angie poul retire timoun sa se sou do pye Shanaïcka poul ta ale.

Angie: epaw pa dim anyen...chat pran lang ou?

Cliff: jiska prezan ou pa dim anyen pou konvenk mwen ke pitit sa se pou mwen non Angie.

Angie: Ey...fanm toujou konn papa pitit yo menm lè yo gen twa nèg yap kouche avè. Degajew dim saw ap fè a. Eske wap kenbel oubyen èske wap fèm jwenn trant mil goud poum fè sam ap fè yo poum byen chape?

Cliff: nou pap ka kenbel non...mpap kapab. Ou mèt ale, ma relew vinn kotem. Menm sim poko konn kibò map jwenn kòb lan.

Angie: mpap ka tann anpil non. Si Angella wè sa lap metem deyò wi. Wap jwenn kòb lan menm jan ou konn jwenn kòb pou peye resto ak hôtel yo...Mpap tann plis ke 3 jou.

Cliff: 3 jou? Oooh!

Angie: wi 3 jou e siw ta gen malè ou fè kk map fout lagew nan cho ak frèw lan.

Angie vire li ale, li kite Clifford ak yon men sou bouch.

Angie: mresi pran tenten an...map fè kòb sa sou tèt li klè! Jefferson pa banm kòb...fòk mwen degajem poum jwenn. Yo pa gen kòb yo bezwen fanm. Nan merdddd!

    ⭐🔹Pandan Shanaïcka nan biwo an, Edwins vinn kotel.

Edwins: Shanou...

Shan: wi...

PaolaWhere stories live. Discover now