Chapitre 22

19 5 0
                                    


      Jis yon semèn aprè, nan dimanch maten, Shanaïcka rive wè Paola lakay li. Edwins te vin depozel poul ka tou wè Bethina.
Paola chita nan salon an ak Shan, youn ap gade lòt.

Shan: men mwen wi, ou te bezwenm. Men mwen...

Paola: ou chanje konplètman wi!

Shan: ou pa ta imajine à quel point. Se konsa mwen sèvi ak moun ki banm manti e eseye itilizem.

Paola: mpa fèw anyen la non Shan.

Shan: ou ka toujou kontinye wi Paola!

Paola: bon...dat mwen di Edwins poul diw vinn kotem se aprè yon semaine ou vini?

Shan: mvinn lèm vle!

Paola: esim tap mouri?

Shan: bon débarras!

Paola: Shanaïcka ou mèt ale...merci. Mpaka fè kòlè.

Shan: dim saw genyen an non.

Paola: mpa bezwen aide ou ankò. Apretou, ou gen rezon...ou pa dwe pale avèm. Byebye!

Shanaïcka leve li finn vire poul soti, li tounen.

Shan: siw panse se mwen ki pwal fèw tounen ak Jefferson, ou chire!

Paola: mkonnenw pa dil a tout kèw. Ou byen renmenm...ou jis ap fè figiw di!

Shan pa di anyen

Paola: ou ret an silans? Verite a touchew fon?

Shan: male!

Paola: viens dire au revoir à ton neuveu ou à ta nièce...je sais pas!

Shan gade Paola

Shan: de kisa wap pale a?

Paola: ou konprann clairement!

Shan: tout sa yo te nan planw yo tou? Pouw te fon jan pou Jefferson gwòs ou pouw ka antre nan mitan nou pi byen?

Paola: non Shan...loin de là! Ou pansem ta pwal sakrifye kòm pou yon vanjans tou?

Shan: mpatap janm ka konnen!

Paola: mrenmen Jefferson!

Shan: bonne chance!

Paola: mte pansew tap konprann mwen wi!

Shan: malerezman non...

Shan vire li ale.

Bethina tap pale sou lakou an ak Edwins, Shanaïcka pase li twaze yo.

Shan: mpaka dijere nou!

Edwins: sa egare sa gen la!

Shan: vinn mennenm ale!

Edwins bo Bethina sou do menl

Edwins: au revoir ma jolie fleur. Map relew pita!

Bethina: je t'attendrai avec impatience!

Lè Bethina leve li pantan paske Paola te dèyèl la.

Beth: saw gen la sis?

Paola: nou fenk damou? Mwen wè nou prèske fou!

Beth: jalouse?

Paola: jalouse poukisa la?

Beth: mal kouche tande!

🌸Nan demen, Molly pran randevou ak Gladiah yon kote.
Gladiah rive avanl,

Molly: bonjour!

Gladiah: dat ou fèm kanpe la kotew te ye?

Molly: mwen tap regle yon bagay enpòtan.

Gladiah: mpa kwè gen anyen ki pi enpòtan pase misyon sa mwen baw fè a non. Ki enfòmasyon ou pote pou mwen la?

PaolaOù les histoires vivent. Découvrez maintenant