Chapitre 12

24 7 0
                                    


Jefferson wè Paola pa tounen, li al jwenn li.

Jeffry: Paola...sa wap fè....

Lèl wè Wadson, li tou fè silans. Wadson gadel, gade Paola epil vire li ale.
Jefferson antre li al chita, Paola al jwenn li.

Jeffry: ou te gen randevou avèl tou?

Paola: non, poukisa?

Jeffry: kòmanl fè vini la nan moman kem la?

Paola: mpa konnen. Li dim li vinn eskizel poum konpòtman li te genyen dènyèman an. Mpat konn sil tap vini.

Jefferson fache toujou

Jeffry: stp...kòm mwen wè se sa medam yo ap mache fè. Depi yo wè ti kò yon moun bon yo anvi pwofite. Ou abitye kouche ak Wadson?

Paola: ooh! Epa wap vinn mankem dega lakay mwen?

Jeffry: mwen oblije mandew b.

Paola: non non. Poukisaw pa dim ke sa deranjew paskem zanmi ak frèw la?

Jeffry: sa pa sèlman deranjem. Sak toumantem nan sè ke li entèrese a ou alòskem renmenw.

Paola gadel

Paola: ou pansem pwal kwèw? Lanmou pa egziste pou mwen. Fèmen sujet sa.

Jeffry: yo brize kèw deja?

Paola: mpa kwè mbay moun espas pou fè sa paskem poko janm gen mennaj depim konnen map viv.

Jeffry: si ke ou pa vle pale nòmalman avèm...ebyen, map oblije ale.

Paola: franchman mpanse li tap mieux siw al lakay ou vre wi!

Jefferson kanpe

Jeffry: waw! E mwen ki panse ou ta pwal anpechem ale!

Paola: sa se imajinasyonw!

Jeffry: sa vle di nou pwal fache ankò? Ou konnen ke fwa sa li ka pou toujou?

Paola: ouais.

Jeffry: èske sa vle di ke ou gen santiman pou Wadson??

Paola santil pike o vif

Paola: konbyen fwa poum montrew ke se ou mwen vle??

Li finn di sa li kouri antre nan chanm li an tèlman sezi.

Jeffry: okeeeeee...😕

Jefferson al frape nan pòt chanm li an

Paola: ou mèt ale! Na gentan wè!

Jeffry: tu pleures?

Jefferson ouvri pòt lan, li jwenn li chita sou kabann nan ak menl nan machwèl.

  
     🔹❇Pandan Angie chita lakay li a, li resevwa yon mesaj kote Clifford bal randevou yon kote. Li kouri pase dlo nan figil epil pran yon moto li ale.

Lèl rive li jwenn Clifford kanpe ap tann li.

Cliff: ou konn poukisa mwen fèw vinn la?

Angie: ou menm ki pwal dim. Em swetew gen yon bagay serye pou dim paske ou konnen jan blan an dil lan ''the time is money'', sa vle di mpa gen tan poum pèdi.

Cliff: ok. Mtap prefere pou se yon lòt bagay ou fè olye pwostitiye tèt ou. Bèl timoun tankouw.

Angie: pa fèm tenten konsa. Ou konn jwenn mwen kanpe sou twotwa?

Cliff: ou fè bagay yo discrètement pou moun pa konprann ew nan bay livraison à domicile.

Angie: janm te vinn livre bagay la nan de pla menw lan baby. Ou paka jalou sim livre yon lòt li.

PaolaWhere stories live. Discover now