Chapitre 7

19 6 0
                                    


📝 Jeff: ou te okouran ke ou zanmi ak yon frèm ki rele Wadson?

Paola pat wè kisa poul reponn. Li pase ceinture de sécurité an epi lap gade deyò byen vag kòmsi li pat tande. Nan lespril lap fouye chèche poul konn sal pwal di.

Jeff: Paola!

Paola: humm...oui. Mte lwen! Kisaw di?

Jeff: èskew rekonèt Wadson?

Paola: ki Wadson? 😒

Jeff: mon frère. Il est ingénieur. Li dim li konnenw.

Paola: humm...Se pwobableman moun mwen panse an.

Jefferson vire gadel on jan

Jeff: ki lyen ou gen avèl?

Paola: se jis yon zanmi.

Jeff: ou sûre?

Paola: oui, poukisa? Mpa gen anpil tan depim rankontrel non. Dayè mtwouve sa biza kem rankontre nou youn aprè lòt. Epi...se li ki annit rete li montrew fotom?

Jeff: euh non. Mte mandel sil rekonèt ou paske yon moun te dim li wè nou ansanm. Mwen prudent, mpata renmen twò pwòch fanm frèm.

Paola: ou panse kem se yon moun konsa Jeff?

Jeff: bon...je ne sais pas. Antouka mwen prudent. Bon...on y va.

Jefferson demare...yo ale.

⭐Lè yo rive, li desann ansanm avèl e yo wè ke Bethina poko vini. Donk, yo chita nan salon an.

Paola: ou pap bwè anyen? Mgen jus la, gen bière...

Jeff: non merci très chère. Pa enkyetew. Mjis anvi chita poum gadew.

Paola: gadem poukisa?

Jeff: tu es magnifique à mes yeux.

Paola: map vini...mpwal fè yon bagay. Map tounen kounya!

Paola kouri ale nan twalèt yo, li pran dlo ak savon poul lave figil poul ka redesann sou tè. Epi lap pale poukont li.

Paola: sak pase la? Se pa sam te prevwa non! Epa bagay yo anvi mare nan menm???!! Manman...gidem non!

Li fè yon bon ti tan e aprè li soti

Jeff: ça va? Mte fini par panse ke se sovew sove wi. Mta pwal gade kotew fè.

Paola: mpat santim byen.

Jefferson gentan inquiet

Jeff: saw genyen? Kisaw santi?

Paola: se ryen de grav. Mgenlè pwal gen menstruations.

Jeff: aaah ok! C'est compris. Dis-moi, tu as l'habitude de recevoir des câlins?

Paola: euh...quand j'étais gosse. Ça me manque un peu.

Jeff: ou pata renmen resevwa kounya? 😊

Paola: euh...kounya? De la part de qui?

Jefferson lonje bral ba li

Jeff: approche!

Paola santi se kòm yon bagay kap pikel poul al nan bral. Li avanse sou kanape a. Jefferson pranl nan bral.

Paola: humm!

Jeff: ferme tes yeux.

Paola fèmen yeux'l. Jefferson ekatel de li menm e li tonbe bol nan tout vizaj li. Paola santil byen e se Chatouillant.
Bethina vinn parèt, li griyen tout danl epil pase sou pwent pye.
Malerezman Paola santi prezans yon lòt moun, li ouvri zyel.

PaolaWhere stories live. Discover now